News

News Archives

Triple-A S: Advancing Science, Serving Society

News: News Archives

http://www.aaas.org//news/releases/2011/0915haiti_science_creole.shtml


Syans ak Ansèyman Syans Enpòtan pou Avni Ayiti, Se sa Ekip Entènasyonal AAAS te Reyini a di

PÒTOPRENS, Ayiti— Nan nouvo rapò AAAS la, yon gwoup chèchè chèchè syantifik ak edikatè ayisyen ak entènasyonal di Ayiti ak kominote mondyal la dwe travay ansanm pou bati yon sektè syans ki solid e ki kapab ede nasyon an rekipere apre tranblemanntè ki te fèt ane pase a epi ki te pran lavi anpil moun, pou sipòte devlopman nan lavni, epi pou amelyore lavi pèp ayisyen an.

Rapò a, ki rele Science for Haiti (Syans pou Ayiti), ofri yon seri objektif estratejik pou ogmante konpetans nan syans epi pou ankouraje kolaborasyon ant syantifik ayisyen yo, kominote entènasyonal pou syans lan, òganizasyon ki fè don epi ki bay èd yo, ak lòt patnè yo pou yo kapab reyalize objektif sa yo. Lè w mete yo tout ansanm, objektif yo se ta pou fè moun vin ekspè nan syans nan domèn ki sipòte devlopman dirab ann Ayiti, remete anplas epi ogmante ansèyman syans nan lekòl ann Ayiti, epi agrandi koneksyon nasyon an genyen ak kominote syantifik ak teknik entènasyonal la. Rapò a ofri plis pase twa douzèn rekòmandasyon espesyal pou reyalize objektif yo.

Science for Haiti (Syans pou Ayiti) ap yon sijè prensipal lè moun yo ki ekri rapò a rankontre isit, le 19 ak 20 septanm, avèk delege ki soti Ayiti pou reprezante kominote syantifik, inivèsite yo ak lekòl segondè yo ak sektè prive a. Nan mwa oktòb, AAAS ap fè yon reyinyon nan Washington, D.C avèk òganizasyon ameriken ki enterese nan avansman syans ak ansèyman syans ann Ayiti.

An konklizyon, moun ki prepare rapò a te fè konnen, "Nou dwe entwodui travay pou ogmante konpetans nan syans lan nan tout yon seri efò konplè k ap fèt nan nivo lokal, rejyonal, ak nasyonal pou rebati Ayiti. Estrateji ak pwopozisyon ki genyen nan Science for Haiti (Syans pou Ayiti) a bay gouvènman an ak lekòl ann Ayiti yo, kominote entènasyonal ki bay èd ak don an, syantis chèchè syantifik Ayisyen ayisyen ak entènasyonal yo, epi lòt òganizasyon yo yon gwo lis objektif ak aksyon pratik yo devlope ak anpil atansyon pou fè vin gen plis konpetans nan syans. Pwogrè se yon responsablite ak yon opòtinite tout moun, pandan syans ap kontribye nan avni Ayiti ak avni pèp ayisyen an."

Nan dat 12 janvye 2010, yon tranblemanntè ki te gen yon mayitid 7.0 te ravaje peyi a. Plis pase 222,500 moun te pèdi lavi yo epi plis pase 300,000 moun te blese. Apeprè 1.5 milyon moun pat gen kay pou yo rete, epi yon pakèt moun ki kontinye ap viv nan kan tanporè ak nan ti kominote yo kreye. Anpil bilding gouvènman, lokal pou fè rechèch ak lokal lekòl te kraze oswa pran move domaj.

Nan kèk semèn apre tranblemanntè a, Divizyon Karayibeyen AAAS la ak lòt patnè yo te kòmanse kontakte syantifik ak enjenyè ayisyen yo; epi nan konvèsasyon yo te fè, yo te kreye plan pou yon kolaborasyon ak òganizasyon popilè yo. Nan mwa jiyè 2010, te gen 22 syantifik ak edikatè ki soti ann Ayiti, Pòtoriko, Etazini, Kanada ak Wannda te reyini nan San Juan, Pòtoriko, epi yo te fè yon seri pwopozisyon pou avansman syans ann Ayiti. Yo te devlope lide sa yo pi plis toujou nan sesyon enfòmasyon ki te fèt apre sa ann Ayiti ak gwoup syantitifik ayisyen yo ak direktè lekòl yo.

AAAS Center for Science Diplomacy (Sant AAAS pou Diplomasi Syans) te fè yon sèl ak Divizyon Karayibeyen lan pou yo finanse sesyon enfòmasyon yo ak rapò, ansanm ak Inivèsite Pòtoriko-Río Piedras, College of Natural Resources (Fakilte Resous Natirèl) nan Inivèsite Idaho, ak Association of American Geographers (Asosyasyon Jewograf Ameriken) yo.

Pwojè sa a baze sou yon prensip kle: Se Ayisyen ki dwe planifye pwòp avni yo ak pwòp objektif yo pou syans, tandiske kominote syantifik entènasyonal la dwe founi patenarya pou kolaborasyon ak lòt sipò

Fritz Deshommes, vis-rektè pou rechèch nan Université d'Ètat D'Hatiti, te di "Ayiti bezwen entwodui syans nan pwosesis rekonstriksyon ak transfòmasyon an. Rapò sa a ap ede devlope kominote syantifik la ann Ayiti epi ap fè vin gen plis koneksyon ak kominote syantifik rejyonal ak mondyal la."

Alan I. Leshner, direktè jeneral AAAS ak editè anchèf jounal Science lan di, Science for Haiti (Syans pou Ayiti) "se yon dokiman enpòtan ki gen anpil enfòmasyon ladan l. Moun yo ki ekri rapò a rekonèt syans, teknoloji, ak ansèyman enpòtan pou avni Ayiti.... Avèk kolaborasyon sa a, yo te devlope yon plan pou fè vin gen pwosperite ann Ayiti epi pou fè pèp ayisyen an vin gen yon lavi miyò."

Peyi tankou Wannda ak Vyetnam soufri kokennchenn katastwòf, men yo reyisi pouswiv estrateji syans-pou-devlopman pou ekonomi an ka vin dinamik. Nouvo rapò a sijere Ayiti te kapab swiv menm chemen an.

Men kèk pwopozisyon espesyal pou reyalize objektif sa yo:

  • Fikse politik nasyonal pou devlope konpetans nan syans kòm yon "eleman konplè nan devlopman sosyal ak ekonomik";

  • Devlope ansèyman syans nan chak nivo, pandan y ap fòme ak anboche plis pwofesè epi pandan amelyorasyon ap fèt nan pwogram etid la ak nan liv yo pou sipòte efò sa a;

  • Ankouraje plis patisipasyon nan travay la ant syantifik ayisyen yo ak syantifik entènasyonal yo avèk pwogram pou rechèch nan domèn kle yo ak nan yon pwogram ki idantifye opòtinite pou kolaborasyon.

Syans pou Ayiti: Yon rapò sou Kouman pou Avanse Syans ak Konpetans nan Ansèyman Syans ann Ayiti ki gen ladan li tradiksyon rezime egzekitif la nan lang franse, kreyòl, ak panyòl. Moun yo ki ekri rapò a se Gary Machlis, pwofesè konsèvasyon nan Inivèsite Idaho epi yon Manm AAAS; Prezidan Divizyon Karayibeyen nan AAAS la Jorge Colón ki pwofesè chimi nan Inivèsite Pòtoriko-Río Piedras; ak Jean McKendry, chèchè anchèf nan Association of American Geographers (Asosyasyon Jewograf Ameriken).

Colón te di, “Science for Haiti (Syans pou Ayiti) montre jan pèp ayisyen an debouya epi li montre tou bon volonte yo genyen pou syans ak ansèyman syans kòm yon jan pou rive jwenn devlopman dirab, menm nan sikonstans ki pi difisil yo."

Edward W. Lempinen

15 September 2011

 
Other News Sources
ScienceNow News  
 
Science Update Radio  
 
EurekAlert! News Headlines  
 
Science for Kids  
 
Science Sources  
 
Resources for Reporters  
 
News Release Archives  
 
News from Annual Meetings  
AAAS Art Gallery  
 
AAAS Multimedia  
 
AAAS News & Notes  
 
RSS Feeds